Videyo gratis, 10 minit
Enfimyè, se ou ki bank la.
Kijan yon enfimyè ka itilize yon asirans vi IUL pou prete sou pwòp kòb li, pandan kòb la kontinye grandi.
Poukisa rezève kounye a?
- ✓Ou wè ak pwòp chif ou konbyen kòb ou ka bati.
- ✓Ou konnen si IUL fè sans pou ou, san presyon.
- ✓Gratis, 30 minit, an kreyòl.
Sa k ap pase nan 30 minit sa a
Ilistrasyon pa w
Ou wè chif pa w, ak laj ou, ak bidjè ou, pa yon egzanp jeneral.
Kesyon ou yo reponn
Taks, 401k, prete sou polis la: ou poze tout kesyon ou, san presyon.
Yon plan klè
Ou soti ak yon desizyon klè, menm si repons lan se pa kounye a.
Gratis. 30 minit. Pa gen okenn obligasyon.
Kijan mwen dekouvri sa a

Mwen rive Ozetazini an 2009. Pa gen fanmi ki gen kòb, pa gen sipò. Premye travay mwen se te stock boy nan yon magazen.
An 2015 mwen te gen pwòp konpayi pa m, 72 ajan k ap frape pòt nan Nouyòk, nan fredi, nan nèj, nan building pwojè. Kòb t ap antre. Men tout kòb la te nan yon kont chèk ak yon kont epay òdinè. M te panse m te byen.
Se Gina, ajan imòb mwen, ki wè estatman bank mwen lè m t ap deplase soti East New York pou al downtown Brooklyn. Li di m: ou gen plis pase $250,000 la a. Bank lan sèlman asire w jiska $250,000. Si bank lan tonbe, rès la ale.
Mwen pa t konn sa. Mwen pa t konn anyen sou kòb. Mwen te konn fè kòb, mwen pa t konn fè kòb travay pou mwen.
Apre sa, zanmi m Chris montre m de bagay ki chanje lavi m. Premye, kijan pou louvri yon kont kourtaj. Dezyèm, kijan moun rich yo itilize asirans vi pou peye mwens taks epi prete sou pwòp kòb yo, san mande bank pèmisyon.
Jodi a mwen gen pwòp polis IUL mwen. Mwen lisansye nan tout eta Ozetazini. Epi mwen ede Ayisyen k ap travay di, enfimyè, biznis owner, chofè kamyon, fè sa m te dwe aprann nan mal.
Mwen pa pale de yon bagay mwen pa fè tèt mwen. Mwen montre w sa m fè ak pwòp kòb mwen.
Djeffson Athis, Yes Yes Yes Life
